Maten lendi 15 jen 2026 la, nan kad yon rankont ak diferan sektè ki enplike nan devlopman komin nan, Majistra Daniel Saint-Hilaire te fè yon chita pale ak responsab epi manm sèvis Pwoteksyon Sivil yo.
Pandan echanj sa yo, ahan enterimè a di li kontinye angaje l li pou travay nan yon kolaborasyon sere sere ak tout aktè ki angaje nan pwoteksyon lavi ak byen sitwayen yo. Yon lòt bò, li fè konnen administrasyon li an ap mete tout efò nesesè pou ranfòse kapasite repons komin nan fas ak risk ki ka prezante pandan sezon siklonik la.
Daniel Saint-Hilaire souliye tou sekirite ak byennèt popilasyon Site Solèy la rete yon priyorite pou meri a. Li asire Pwoteksyon Sivil la ap jwenn sipò ak akonpayman ki nesesè pou ede komin nan fè fas ak nenpòt sitiyasyon ijans.

Atravè demach sa a, premye sitwayen Site Solèy la voye yon mesaj klè sou detèminasyon l genyen pou travay nan tèt kole ak tout sektè yo, yon mannyè pou bati yon komin ki pi prepare, pi rezistan, epi ki kapab pwoteje sitwayen li yo kont menas natirèl yo.





