Accueil / Actualités / Deplase ki nan kan Atletik yo mande demisyon Daniel Saint-Hilaire

Deplase ki nan kan Atletik yo mande demisyon Daniel Saint-Hilaire

Ayè vandredi 26 jen 2026 lan, abitan Laplèn ka p viv nan kan Atletik la nan Dwouya egzije demisyon nouvo majistra Site Solèy la, Daniel Saint-Hilaire.

Pou eksprime kòlè yo fas ak jesyon nouvo katèl meri Site Solèy la, gwoup moun sa yo bandi ak zam mete deyò nan divès zòn nan Plèn nan tankou Masyal, Fontaine, Divivye, Do Rigòl ak Jèmen tanmen yon mouvman jounen vandredi a pou reklame demisyon ekip tou frèch la. Deplase sa yo ki twouve yo sou teren foutbòl la depi dimanch nan aprè midi aprè otorite yo nan ministè Enteryè nan tèt kole ak meri a te fin leve yo 3 men, repwoche move jesyon sitiyasyon an. « Nou mande demisyon majistra a paske li pa bay 10 mil goud chak fanmi yo dwe jwenn yo», se deklarasyon youn nan pwotestatè yo.

Nan menm moman an, divès lòt denonse kondisyon ya p viv sou teren an kote nan espas la yo gen difikilte pou fè bezwen yo. «Na p dòmi pil sou pil, menm twalèt pa genyen pou nou sèvi, la plen timoun, nou pa gen manje, nou pa gen dlo», reyaksyon yon deplase.

Pi lwen, kèk moun kay yo pase anba flanm dife gang yo mande otorite yo nan leta a pou kreye mwayen fè yo jwenn yon kote pou yo dòmi. Moun sa yo fè kwè se pa grenn diri dirijan yo ap bay la yo bezwen. Yon deklarasyon ki fèt nan menm moman yon delegasyon ki sòti nan Fon asistans, ekonomik ak sosyal (FAES) te vin fè distribisyon manje kwit.

Fòk nou di, premye aksyon ekip jounalis Daniel Saint-Hilaire lan ki enstale nan dat 25 mai 2026 la poze se ede leta santral retounen moun sa yo nan yon zòn ki parèt frajil pwiske sant Atletik la twouve l nan mitan Dwouya ak Kafou Vensan. Pou kèk moun, se ta yon fason pou livre popilasyon an bay gang yo pi byen.

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *