Laprès, souvan konsidere kòm katriyèm pouvwa nan yon sosyete demokratik, pa gen sèlman responsablite pou enfòme. Nan yon peyi k ap travèse yon kriz sekirite san parèy, fason li chwazi kouvri evènman yo kapab gen konsekans ki ale pi lwen pase yon senp nouvèl.
Depi disparisyon kat sòlda salvadoryen yo nan peyi a, prezidan Salvador la, Nayib Bukele, te lanse yon operasyon pou chèche yo nan Kwadèboukè. Nan menm moman an, gouvènman ayisyen an te rive jwenn yon antant ak otorite salvadoryèn yo pou yon patenarya ki ta dwe kontribye nan batay kont ensekirite a.
Depi kèk operasyon te lanse nan komin Kwadèboukè ak Taba, sitiyasyon an sanble ap pran yon lòt direksyon. Nan Kanaan ak Kwadèboukè, anba presyon gwoup ame yo, sitwayen yo pran lari pou eksprime sipò yo pou retou lapè ak sekirite. Men, gen lòt mobilizasyon ki fèt pou denonse operasyon yo.
Nan yon kontèks konsa, li enpòtan pou laprès poze kesyon sou sa ki dèyè kèk mobilizasyon. Nan zòn kote gwoup ame yo gen gwo enfliyans, manifestasyon oswa lòt mouvman popilasyon an ka fasilman sèvi kòm zouti manipilasyon oswa kòm mwayen pou voye yon mesaj ki favorab ak enterè gwoup sa yo.
Se la responsablite jounalis la vin pi enpòtan toujou. Li pa sifi pou wè yon foul moun pran lari pou konsidere l kòm yon ekspresyon espontane popilasyon an. Fòk medya yo chèche konprann kiyès ki dèyè mouvman an, ki sa moun yo ap reklame, nan ki kondisyon mobilizasyon an fèt epi si gen lòt enterè k ap pouse l.
Men, e si laprès te chwazi pa bay kèk mouvman yon tribin?
Prezans travayè laprès nan yon aktivite ka bay li plis fòs. Yon kamera, yon mikwo, yon foto oswa yon repòtaj kapab fè vwa moun yo rive pi lwen pase espas kote aktivite a ap fèt la. Se youn nan fòs laprès genyen.
Se poutèt sa, nan yon moman kote operasyon ap fèt pou reprann kontwòl kèk zòn sou gwoup ame, sektè laprès la dwe reflechi sou konsekans kouvèti li bay kèk mouvman. Enfòme pa vle di nesesèman bay tout aksyon menm espas ak menm vizibilite.
Laprès pa dwe tounen zouti okenn kan. Ni pou pouvwa politik, ni pou gang. Men endepandans pa vle di absans jijman pwofesyonèl. Gen kèk sikonstans kote yon medya ka deside kouvri yon evènman, men li ka tou deside ki kantite espas li bay li, nan ki moman li pibliye l ak nan ki fason li prezante l.
Kesyon an vin pi enpòtan toujou lè nou sonje repitasyon sektè a ap sibi. Souvan, kèk moun nan popilasyon an akize jounalis yo kòm moun ki pwòch gang. Gen menm kòmantè ki ale pi lwen toujou : « Èske gen jounalis an Ayiti ? Tout jounalis nan peyi a nan gang. »
Akizasyon sa yo pa dwe konsidere kòm yon verite jeneral sou yon sektè ki gen plizyè milye pwofesyonèl. Men yo montre yon kriz konfyans ki egziste ant yon pati nan popilasyon an ak laprès.
E si sektè a ta sèvi ak moman sa a pou montre yon lòt egzanp?
E si, nan kèk sikonstans, laprès te montre li kapab mete enterè piblik la, sekirite popilasyon an ak etik pwofesyonèl la devan kous pou jwenn imaj ak odyans?
Sa pa ta vle di fèmen bouch sou yon mouvman. Sa pa ta vle di kache enfòmasyon. Sa pa ta vle di abandone misyon enfòmasyon laprès la. Se ta pito rekonèt pouvwa yon medya genyen epi sèvi ak pouvwa sa a avèk plis responsablite.
Paske nan yon peyi kote gwoup ame yo rive sèvi ak enfòmasyon, videyo ak rezo sosyal kòm zouti enfliyans, laprès pa ka fè kòmsi fason li kouvri yon evènman pa gen okenn konsekans.
Laprès dwe rete lib. Men libète sa a mache ak responsablite.
E petèt, nan batay kont ensekirite a, youn nan fason laprès kapab ede se pa sèlman nan montre sa k ap pase, men nan konnen tou ki sa li chwazi mete nan limyè a, ki sa li chwazi pa agrandi epi ki enterè piblik li deside sèvi.





