Accueil / Éditorial / Ayiti, yon peyi kote ensekirite a pa fè diferans

Ayiti, yon peyi kote ensekirite a pa fè diferans

Disparisyon kat militè salvadoryen nan peyi dAyiti depi dimanch 18 oktòb 2026 la nan lokalite Santo nan komin Kwadèboukè mete yon lòt fwa ankò gravite kriz sekirite a devan je nou. Pandan rechèch yo ap kontinye pou jwenn yo, ensidan sa a soulve kesyon sou kapasite fòs sekirite yo pou fè fas ak gang yo, efikasite estrateji ki an plas yo ak responsablite otorite yo devan yon kriz k ap kontinye boulvèse lavi popilasyon an.

Depi plizyè lane, ensekirite a tounen yon reyalite ki boulvèse lavi plizyè milye fanmi ayisyen. Kidnaping, , vyolans seksyèl, asasina, atak ame ak deplasman fòse kontinye kraze lavi moun, pandan anpil sitwayen ap viv chak jou ak laperèz pou sa demen ka pote. Nan yon peyi kote dwa pou viv an sekirite a vin tèlman difisil pou garanti, disparisyon kat militè etranje sa yo soulve yon lòt kesyon: ki estrateji ki kapab pèmèt peyi a soti nan kriz sekirite sa a toutbon?

Lè prezans entènasyonal la pa sifi

Vini fòs entènasyonal yo an Ayiti te soulve lespwa nan mitan yon popilasyon ki bouke viv anba menas gang yo. Objektif la, se te ede fòs sekirite ayisyen yo reprann kontwòl zòn ki anba enfliyans gwoup ame yo epi kreye kondisyon pou lavi reprann nòmal li. Men, disparisyon kat militè yo aprè yon atak nan Kwadèboukè mete yon lòt fwa ankò kesyon sou difikilte ki genyen pou fè fas ak gang yo sou teren an.

Prezans entènasyonal la, poukont li, pa kapab sèvi kòm garanti pou sekirite. Li nesesè pou gen mwayen apwopriye, bon kowòdinasyon, bon jan enfòmasyon sou teren an ak yon estrateji ki adapte ak reyalite peyi a. San sa, menm operasyon ki gen gwo objektif ka rankontre limit ki mete lavi pèsonèl sekirite yo ak popilasyon an an danje.

Sepandan, nou pa dwe tire konklizyon prese sou efikasite tout misyon an apati yon sèl ensidan. Sa ki nesesè, se evalye rezilta operasyon yo, idantifye feblès ki parèt sou teren an epi pran mezi ki kapab amelyore pwoteksyon popilasyon an. Batay kont gang yo pa kapab mezire sèlman ak kantite operasyon ki fèt oswa kantite deklarasyon ki pibliye. Li dwe mezire tou ak kapasite pou pwoteje lavi moun, diminye vyolans epi pèmèt sitwayen yo reprann aktivite yo san laperèz.

Ki veritab responsablite Leta ayisyen?

Nan tout refleksyon sa a, responsablite Leta ayisyen rete santral. Se otorite nasyonal yo ki gen devwa pou pwoteje popilasyon an, garanti sekirite sou teritwa a epi kreye kondisyon pou enstitisyon piblik yo fonksyone. Kowoperasyon ak patnè entènasyonal yo kapab kontribye nan efò sa a, men li pa retire nesesite pou Leta egzèse responsablite li.

Disparisyon kat militè salvadoryen yo dwe pouse otorite yo reflechi sou mezi ki nesesè pou ranfòse kowòdinasyon ant fòs ayisyen yo ak fòs entènasyonal yo. Li dwe pouse yo tou poze kesyon sou kapasite entèvansyon yo, pwoteksyon moun ki nan zòn ki anba menas yo ak mwayen pou anpeche gang yo kontinye enpoze volonte yo sou popilasyon an.

Anplis deklarasyon ak reyinyon dijans, peyi a bezwen aksyon ki bay rezilta konkrè. Sitwayen yo bezwen kapab deplase, travay, voye pitit yo lekòl ak jwenn sèvis esansyèl san yo pa oblije viv anba menas pèmanan. Se nan chanjman sa yo popilasyon an ap kapab mezire tout bon si estrateji sekirite yo ap bay rezilta.

Popilasyon an pa dwe rete gwo viktim kriz la

Pandan otorite yo ak patnè entènasyonal yo ap chèche jwenn kat militè salvadoryen yo, nou pa dwe bliye plizyè milye fanmi ayisyen ki kontinye ap viv konsekans vyolans gang yo. Gen moun ki pèdi pwòch yo, gen sila ki pèdi kay yo, e gen lòt ki oblije deplase san yo pa konnen ki kote y ap jwenn refij, ansanm ak moun ki pèdi mwayen pou yo pran swen tèt yo ak fanmi yo.

Soufrans sa yo pa dwe vin tounen yon reyalite sosyete a aprann aksepte. Chak lavi konte, kèlkeswa nasyonalite moun nan, fonksyon li oswa kote li soti. Chèche jwenn kat militè yo epi garanti sekirite yo se yon obligasyon imanitè. Men, menm detèminasyon sa a dwe parèt nan efò pou pwoteje popilasyon ayisyen an, ki depi lontan ap sibi konsekans ensekirite a.

Disparisyon kat militè sa yo se yon nouvo avètisman sou gravite kriz la. Li pa dwe sèvi kòm yon senp okazyon pou ogmante deklarasyon, men kòm yon rezon anplis pou evalye sa ki pa mache, korije feblès yo epi chèche rezilta ki kapab chanje reyalite sou teren an.

Ayiti pa kapab kontinye ap viv kote laperèz dikte kondisyon lavi moun. Sekirite pa yon privilèj pou kèk moun, ni li pa dwe depann de nasyonalite yon moun. Se yon dwa fondamantal, epi se responsablite Leta, ansanm ak tout aktè ki angaje nan retabli sekirite a, pou yo travay pou garanti dwa sa a.

Paske, toutotan gang yo kontinye enpoze pouvwa yo sou lavi moun, se pa sèlman otorite yo ki pèdi kontwòl. Se tout yon sosyete k ap peye pri a.

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *