Selon William Ruto, prezidan peyi Kenya a, se nan 2 semèn polisye Kenyan yo ta dwe rive nan peyi dAyiti, yon anons li fè ayè dimanch 9 jen 2024 la.
Anons sa fèt nan moman plizyè manm nan popilasyon an ap tann avèk enpasyans fòs Miltinasyonal soutyen ak sekirite a pou konbat nèg ak zam yo ki pa sispann teyorize yo.
William Ruto anonse nouvèl sa nan kad yon seremoni relijye. Li deklare li kenbe angajman peyi la p dirije a pou vin ede Ayiti konbat ensekirite a epi mete lapè.
Na p soulinye, prezidan Kenyan an plizyè jou te deja mande konkou divès pastè pou vin pran tèt misyon an.