Nan yon nòt ki pote siyati Kowòdonatè jeneral Pati politik VIREHA a, Sonet Jean Noël ki rive jwenn redaksyon L’enquête Haiti a, Pati politik Vision Intégrale pour la Reconstruction Haïtienne (VIREHA) fikse pozisyon l sou kriz plizyè tèt k ap bwase bil peyi a depi kèk tan.
Pati politik la di li konstate aprè plis pase 2 lanne premye minis Ariel Henry pase sou pouvwa a se plis san ki koule, bandi ak zam pa sispann teyorize popilasyon an, grangou ak lamizè ap taye banda mete sou sa enflasyon an ap pike monte 17 wotè san konte kantite timoun ki paka al lekòl.
VIREHA di lè l konsidere akò 21 desanm nan ki te gen 3 pwen ladan l ki pa respekte li reyalize gouvènman sa echwe e sa ki pwouve aklè gouvènman san lejitimite sa pa manifeste okenn volonte pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a .
Pi lwen, estrikti politik la mande pou kominote entènasyonal la, gouvènman an ak aktè politik yo prese prese jwenn yon konpwomi pou rezoud kriz la, li ajoute pou l di elaji HCT a jiska 7 manm epi drese yon kalandriye travay ki pa dwe deplase plis pase 12 mwa.
Pati politik VIREHA ki santi yon fwa anplis li konsène pa kriz sa rekòmande nan 3 premye mwa yo pou peyi a pasifye, pou yon klima sekirite rive etabli, pou HCT a fòme konsèy Elektoral pwovizwa a (KEP) epi fè eleksyon nan tout nivo yon mannyè pou enstitisyon yo kapab reprann fòm yo pou enstale yon nouvo prezidan 7 fevriye 2025.
Nan sans sa, VIREHA kwè si rekòmandasyon sa yo pa rive aplike, PM Ariel Henry ak tout manm gouvènman li an dwe demisyone an blòk.