Pati politik « Mains Unies » ap fete 3 lane egzistans li

Jodi samdi 25 me 2024 la fè 3 zan depi dirijan yo nan pati politik « Mains Unies » te fè lansman ofisyèl li.

Se te nan lokal « Alvares resto club » nan Pòtoprens nan prezans divès jounalis ak etidyan nan kad yon aktivite atistik ak kiltirel pati politik « Mains Unies » te premye fè aparisyon ofisye l li nan peyi dAyiti. Depi 3 lane sa, pati politik la angaje l nan ede jèn yo gen yon metye nan men, pati « Mains Unies » pa sispann tou defann koz sila ki pi fèb epi plede an favè yon bon gouvènans nan peyi a.

Nan okazyon 3 lane sa, direktwa pati a nan yon mesaj sou kont X (Twitè ) yo remèsye tout moun ki kontinye ap sipote yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *