Oni demanti enfòmasyon ki fè kwè se peye moun peye fè kat yo nan biwo yo

Alòske Ofis nasyonal idantifikasyon nasyonal (ONI), nan yon kominike li rann piblik jodi lendi 17 jen 2024 la, pote yon demanti ak enfòmasyon jounal anliy Amérique Info7 te pataje kote l te pale de 5000 goud ki se kantite lajan pou yon moun retire yon kat idantifikasyon nasyonal nan biwo ki nan vil Akayè a, sepandan nan biwo ki nan Meri Site Solèy la se menm sitiyasyon an men yo pa gen yon pri ki stab.

Anpil fwa yo varye pri yo tou depan de moun ki anfas ajan yo. Gen moun yo fè peye sòti 1000 goud rive jiska 5000 goud si toutfwa li negosye li di men konbyen li genyen

Okontrè, si se yon kat ou pèdi w al rale l nan biwo Oni ki nan Meri Site Solèy la ya p fè w peye pi chè ke si w te vin fèl, e menm lè w ta mache ak deklarasyon Lapolis la w ap oblije peye pou sèvis la.

Aprè demanti sa Oni pote sou dosye a, nou swete sitwayen yo ki pataje enfòmasyon yo ak nou yo enfòme otorite yo jan Ofis nasyonal la mansyone sa nan kominike li a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *