Makaya, yon kokenn chenn fèt nan tradisyon vodou ayisyen an

Pou anpil moun, Makaya se non ansyen chèf militè revolisyonè ayisyen kolon yo te arete 23 desanm 1789 epi boule l tou vivan. Men pou vodouyizan yo nan peyi dAyiti, li se fèt fèy paske Makaya nan lang kikongo vle di « fèy ». Se youn nan fèt ki pi enpòtan nan pratik vodou ayisyen an.

Makaya pou pratikan vodou yo se « beny Simbi » se moman pou limyè pran pouvwa sou fènwa, li pran rasin li nan kontinan afrik la. 

Soti 21 novanm pou rive 25 desanm, vodouyizan yo toujou reyalize yon veritab entrospeksyon pou kapab netwaye epi pirifye kò yo, lespri yo, abitasyon yo epi ranfòse relasyon yo ak zansèt pwotektè yo. Pou fè pirifikasyon sa, tradisyon sa mande pou tout kwayan al nan bwa sakre yo pou yo pran kòs bwa, plant yo ak fèy yo pou yo fè beny pirifikasyon. 

Nan zòn karayib la, nou jwenn menm pratik sa tou an Gwadloup ak Matinik yo rele l « beny fèy » oubyen « beny demare ».

Pou n byen konprann, tradisyon sa pèmèt chak vodouyizan rejwenn enèji yo te pèdi epi demare ane ki pral vini an avèk asirans y ap jwenn pwoteksyon pou tout ane a. N ap fè remake, sezon an Makaya a kòmanse chak 21 desanm pou l bout chak 6 janvye.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *