Lapolis enfòme nan jounen vandredi 16 dawout la, li arete 13 endividi pami yo jounalis Banatte Daniel ki t ap travay pou radyo Rega ak Richelson Cenejuste, jounalis radyo Panou. Se nan yon konferans pou laprès, Pòt pawòl PNH la, Michel-Ange Louis Jeune anonse sa.
Se nan kad yon operasyon PNH la te mennen ayè jedi 15 dawout 2024 la, nan otèl Anvayi nan komin Taba, 13 endividi sa yo rive jwenn arestasyon yo. Nan deklarasyon l fè, Michel-Ange Louis Jeune fè konnen genyen 5 endividi ki te ak zam ki rive tonbe anba bal nan moman yo t ap tire ak Lapolis.
Pami 5 endividi sa yo, genyen yon sèten Cassales Blanco alyas gwo Fanfan ki tonbe anba bal. Gwo Fanfan daprè sa Michel-Ange di se yon evade prizon e se manm kowalisyon gang Viv ansanm.
Nan bilan sa, pòt pawòl PNH la fè konnen enstitisyon an arete 3 polisye, youn ladan yo blese ak bal e al pran swen lopital.
Ajan PNH yo nan moman operasyon sa sezi tou 15 chajè ak 195 katouch, yon kouto, yon pè menòt, 7 telefòn, yon machin blan san plak ak 10.250 boutèy dlo.
Touswit aprè PNH la fin anonse arestasyon jounalis Banatte Daniel, responsab yo nan Radyo Rega mete yon nòt deyò kote yo fè konnen prezantatè a gen anviwon 2 mwa depi l pa anime emisyon “ Rega aktyalite ” sou radyo a ankò.