Nan yon operasyon li mennen maten jedi 2 avril 2026 la, nouvo komisè polis komin Sen Mak la, Lyvenston Gauthier repouse bandi ak zam ki te kontwole seksyon kominal Bwa Nèf la, daprè enfòmasyon ki disponib yo.
Toujou nan kad entèvansyon sa, ajan fòs lòd yo te rive reprann kontwòl kèk kote bandi yo te deja enstale yo epi kraze yon pòs peyaj ye te etabli. Aksyon sa, vini kòm yon mezi pou retire baryè ki te sèvi pwen kontwòl pou gang ak sapat yo sou wout la.
Kòmisè Gauthier fè konnen tou plizyè nan polisye ki te avè l yo te oblije fè bak, sa ki te limite kapasite entèvansyon an sou teren an. An menm tan an, li fè kwè li kontinye travay la ak yon mwayen ki limite.
Yon lòt bò, Livenston Gauthier souliye seri operasyon li yo ap fèt ak zong san ase resous ak ekipman nesesè. Pi lwen, li deklare li pa jwenn sipò ase nan men wo kòmandman Polis nasyonal Ayiti a (PNH) yon fason pou l rive mennen batay kont ensekirite a jan sa ta dwe fèt.
Ansyen komisè polis Taba a pwofite lanse yon apèl bay otorite yo pou yo akonpaye l nan demach li ap mennen pou reprann kontwòl zòn nan. Li sitou ensiste sou nesesite ki genyen pou gen plis ajan, plis lojistik, ak yon pi bon kowòdinasyon pou konbat gang yo ki ap simen laterè sou wout nasyonal la.
Zak ensekirite yo kontinye ap ogmante sou vil Sen Mak, sa ki fè popilasyon an kontinye ap viv anba gwo tansyon. Pandantan sa, sitwayen yo espere entèvansyon otorite santral yo ap rive san pèdi tan pou garanti sekirite ak lib sikilasyon sou wout la.





