Accueil / Opinions / FONPARIZYEN : OFIS NASYONAL IDANTIFIKASYON (ONI)

FONPARIZYEN : OFIS NASYONAL IDANTIFIKASYON (ONI)

Kat Blanch !!!

Poukisa ? Poukisa ? Poukisa biwo ONI ? Poukisa Tribinal pou Lapè epi Ofis Leta Sivil Gantye a pa kapab chita kòl nan lokal Konplèks Administratif Fonparizyen an ?

Depi genyen volonte nan pwen anyen ki enposib. Volonte se fòs ! Menm jan depi genyen respè pou lavi, respè pou manman lwa peyi ou, respè pou dwa sitwayen yo, respè pou diyite moun.Yon Jou bon konprann ka tounen limyè, limyè nan gran fènwa pou akonpaye epi ede sila yo ki swaf wè yon lòt sosyete san patipri.

Konpatriyòt, ekri moso papye sa, se jisteman  pou raple otorite yo, reprezantan biwo sèvis piblik yo, ou menm ki genyen misyon pou fè mache sèvis piblik yo, ou menm ki se fonksyonè leta, pa janm bliye vokasyon pa ou se toujou sèvi peyi ou. Bon tan kou move tan !

Anviwon kèk lane, depi move lawon te anvayi komin GANTYE, sa ki lakòz jiska prezan premye vil la tounen yon teritwa pèdi, kote menm sèvis piblik yo pa vrèman genyen yon adrès egzat. Alòske yon lòt bò,  sitwayen ak sitwayèn yo kontinye ap plenyen, yo pa konnen ki kote biwo yo ye. Yo pa konnen kisa ki fèt pou mete yo ankontak avèk enstitisyon leta yo. 

Jodi a anpil ladan yo bezwen fè kat Idantifikasyon Nasyonal yo, sitou Timoun ki antenn laj majorite yo ( 18 lane), yo santi yo pèdi lespwa, yo santi yo pou kont yo. Pafwa genyen ki blije riske ale nan komin Taba, Dèlma oubyen Petyonvil.

Poutan, genyen lokal ki disponib pou ta mete tout biwo leta yo, tankou : nouvo batiman konplèks administratif Fonparizyen an.

Batiman sa konstwi nan lane 2014 sou gouvènman Martelly/ Lamothe la, li genyen kapasite pou resevwa anpil nan biwo leta yo, tankou : ONI, Tribinal pou lapè, Ofis Eta Sivil, elatriye.

Konsta ki fèt ! Depi kèk tan se rat avèk fil arenye kap taye banda ladann. Pèsonn pa di anyen. Antouka, otorite kominal yo kisa nou di nan sa ? Otorite twazyèm seksyon an kisa nou di nan sa ?  

Babye manman Poul, babye malfini, fòk biwo ONI an genyen yon adrès ki pi klè, fòk espas la louvri pou pitit sòyèt yo jwenn sèvis jan lalwa mande sa. Biwo leta pa konn nan pòch, ni nan katab, ni nan chanm pèsonèl, ni nan machin prive.

Anfen, swete nou aji avèk konsyans, aji avèk bon sans patryotik, yon mannyè demen si BONDye vle pou listwa byen jije nou.

Fonparizyen,  Mas 2026

jeanbridkensaristil@gmail.com

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *