Jounen samdi 31 dawout 2024 la, Fondasyon Toya ak Action Pastorale Pour Le Développement Humain (APADEH) inogire yon Bibliyotèk nan Sat 51, dezyèm seksyon kominal nan Site Solèy.
Malgre moman difisil Laplèn sitou Sat te konnen nan mwa fevriye pase a, sa pa anpeche lidè kominotè yo nan zòn sa kontinye pran inisyativ epi lanse pwojè tou nèf pou jèn yo. Se nan sans sa, 2 estrikti sa yo mete tèt yo ansanm pou ofri jenès Sat la yon espas ka p pèmèt li fè rechèch ak li.

Nan kad yon aktivite yo òganize jodi a, Fondasyon Toya ak APADEH fè lansman ofisyè l pwojè sa ki t ap nouri depi nan lane 2020. 4 lane aprè, bibliyotèk sa vin yon reyalite. Aktivite sa ki te rasanble anviwon 70 jèn nan komin nan se yon gwo pa pou 2 enstitisyon sa yo ki pa t sispann fè pwomosyon pou lekti ak ekriti pandan tout dewoulman evènman an.

Neyssa Senelier, asistan pwojè nan Fondasyon Toya, nan deklarasyon l fè konnen se yon ide 2 estrikti yo t ap travay sou li kèk moman, pandan l soulinye vizyon yo ki se fòme tifi ak ti gason. Daprè sa l di, timoun sa yo gras ak fòmasyon sa yo ka vin lidè nan kominote yo e sa ka pèmèt yo gen plis enpak sou peyi a.
Bò kote pa l, Dorismond Joseph Fils ki se kòdonatè APADEH pa kache kontantman l pou reyisit gwo pwojè sa. Pou lidè kominotè a, bibliyotèk sa se yon espas pou jèn yo nan kominote a vin fè yon lot eksperyans kote ya p gen pou li, fè rechèch, mete sou konesans yo ak pataje eksperyans yo. An mennm tan an, dirijan APADEH a envite tout lòt asosiyasyon ki vle ede yo ale pi lwen ak mouvman an pou sipòte yo jan yo kapab.
Na p soulinye, bibliyotèk sa ki pote non « Bibliyotèk Jenès Toya » ki genyen ladanl divès kalite liv tankou liv pou timoun, liv sou lang, liv sou literati ak roman rete yon espas ki ouvè ak jèn yo nan Sat 51 enpas «Dubé». Se yon premye pa tou pou kominote a pwiske l te nan nesesite yon sant pou moun ka li ak fè rechèch
