Bandi ak zam touye 2 enspektè polis nan komin Kafou

Ayè jedi 4 jiyè 2024 la, bandi ak zam ka p opere nan Kafou touye 3 moun, pami yo 2 enspektè polis. Se Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) ki konfime enfòmasyon sila.

SYNAPOHA ki pa an mezi bay idantite polisye sa yo, fè konnen aprè yo fin komèt zak asasinay sa, bandi yo pote ale kò polisye yo.

Malgre Premye minis defakto a, Garry Conille te fè bel pwomès di l pra l batay kont bandi yo epi repran teritwa ki pèdi yo, sa pa anpeche gang ak sapat yo kontinye ap feraye epi mete dlo nan je pèp ayisyen an.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *