Bandi ak zam kap opere nan Laplèn piye epi mete dife jounen jedi 14 mas 2024 la, nan kay direktè jeneral Polis la Frantz Elbé nan santo 17 komin Kwadèboukè, selon sa sendika polis la SYNAPOHA fè konnen sou kont twitè li.
Ensekirite a ki depi kèk lane ap taye banda anndan peyi a finalman rive sou sila yo ki plase pou bay popilasyon an sekirite. Yon sitiyasyon ki pa apanye kòmandan an chèf Polis la.
Swit ak aksyon sila, divès itilizatè kap itilize fesbouk reyaji kote anpil nan yo bat bravo lakontantman pou sa ki rive DG enstitisyon polisyè a. Pou anpil nan yo, bandi ak zam yo te pran twòp tan pou te poze yon aksyon parèy, genyen ki ale pi lwen pou fè konnen Frantz Elbé ap resi konprann sa popilasyon kèk zòn tankou Kafou Fèy, Laplèn ak Bèlè t ap sibi anba men nèg ak zam anba je l la ki pat pran kenn dispozisyon pou frennen sa.
N ap soulinye pou ou, menm jounen 14 mas sa, bandi ak zam yo atake lokal direksyon jeneral Polis la nan Klèsin sa ki te lakoz anpil kout bal tap chante Kazo, Taba ak Klèsin.