Sou inisyativ sosyete Saint-Vincent de Paul, yon òganizasyon layik katolik, plis pase 300 fanmi benefisye, samdi 8 jen 2024 pase a, yon kit alimantè nan Pawas « Marie Auxiliatrice » ki twouve l nan sat 45, nan komin Site Solèy.
Aktivite sa ki te deroule depi nan lè 9 vè nan maten gen pou objektif akonpanye divès fanmi ki nan nesesite sitou nan kontèks difisil peyi a twouve l depi plizyè mwa a. Se te yon okazyon tou pou responsab yo nan sosyete a prezante ak benefisyè yo estrikti a epi pale de travay yo antann akonpli anndan kominote a.
Duvanoly Toussaint, trezorye nasyonal sosyete a pat kache satisfaksyon l pou bon jan dewoulman aktivite sila ki se sitou yon reyisit paske yo rive reponn ak atant benefisyè yo.