Ann Kanpe Inivèsite a di l gen gwo enkyetid pou jan gouvènman dominiken an ap pouse do Ayisyen yo

Nan yon nòt ki rive jwenn redaksyon L’enquête Haïti jounen mèkredi 16 oktòb pase a, estrikti Ann Kanpe Inivèsite a di l gen gwo lapèn lè l gade nan ki kondisyon gouvènman dominiken an ap depòte konpatriyòt ayisyen yo.

« Nou konstate avèk anpil tristès nan fason administrasyon Luis Abinader la ap depòte, maltrete konpatriyòt ayisyen yo san respè ak prensip ki ratifye nan plizyè konvansyon ki di men kijan yo dwe trete imigran », se sa Ann Kanpe ekri nan nòt sila.

Pandantan sa, òganizasyon an mande ak leta ayisyen pou l pran responsablite l yon mannyè pou l pèmèt moun sa yo ki nan sitiyasyon difisil lakay vwazen retounen sou teritwa peyi an ak diyite. Anplis, Ann Kanpe Inivèsite-a mande ak otorite ayisyèn yo pou yo pran bon jan mezi pou moun yo depòte yo ka rive jwenn fanmi yo.

Estrikti a yon lòt kote, mande ak minis Zafè Etranjè a pou l pase lòd ak diferan konsil yo ki lakay vwazen an pou asiste konpatriyòt yo akoz konpòtman rasis administrasyon Abinader la genyen kont Ayisyen yo ki lakay yo. Konpòtman sa, daprè Ann Kanpe pa diferan ak Rafael Leonidas Trujillo Molina ki te fè masakre plis pase 30 000 konpatriyòt ayisyen nan lane 1937.

An menm tan an, òganizasyon sosyal la raple jiskounye a viktim yo poko janm jwenn jistis ak reparasyon. Li ale pi lwen pou l di se menm politik sa Abinader ap kontinye, pandan l mande ak tout Ayisyen ki nan 4 kwen mond lan leve kanpe pou fè solidarite ak ak sila yo kap soufri nan peyi Sendomeng.


Pou fini, Ann kanpe pwofite mande leta a pou l pran tout mezi nesesè pou tabli sekirite nan peyi a yon fason pou Ayisyen yo sispann al pran imilyasyon lòt bò dlo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *