2 bandi nan baz Chen Mechan ak Pyè 6 jwenn arestasyon yo

Lapolis nasyonal Ayiti (PNH) enfòme sou paj Fesbouk li jodi jedi 5 septanm 2024 la, arestasyon 2 bandi ki nan baz Chen Mechan ak Pyè 6.

2 endividi sa yo ki jwenn arestasyon yo nan lannwit jou ki te madi 3 septanm 2024 la nan otèl « Rêve d’or Hôtel » nan Dèlma 75, se Dieuzan Lamarre ki gen 25 lane ak Mike Anderson Vital ki gen 26 lane.

PNH fè konnen arestasyon mesye sa yo vini swit ak yon operasyon ki fèt ant DDO2, SDPJ ak komisarya Dèlma.

Daprè sa l di, 2 prezime bandi yo nan gadavi pou swit jidisyè yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *